Gwosès - Bright Start

Bright Start

AmeriHealth Caritas Florida gen yon pwogram espesyal pou patisipan ki ansent yo ki rele Bright Start. Nou vle ede w gen yon gwosès an sante.

AmeriHealth Caritas Florida ap ede manman yo fè chwa ki bon pou lasante pou tèt yo ak tibebe yo gras a pwogram Bright Start la. Swen sante bonè ak konplè anvan tibebe w lan fèt se kle pou gen yon tibebe an sante.

Pwogram Bright Start la ede ankadre patisipan nou yo pandan gwosès yo. Chak fi ki enskri nan Bright Start ap resevwa enfòmasyon edikatif. Patisipan yo kapab rele enfimye/è otorize nou yo si yo gen kesyon oswa bagay k ap trakase yo pandan gwosès yo.

Gen yon enfimye/è k ap kontakte manm ki gen anpil risk yo pandan tout gwosès yo. Enfimye/è nou yo ap verifye patisipan yo resevwa swen sante yo bezwen yo pou gen tibebe an sante.

Bright Start disponib gratis pou tout patisipan ki ansent yo. Pou plis enfòmasyon oswa pou enskri, rele 1-855-371-8076.

Pafwa fi yo santi yo kagou oswa tris lè yo fin akouche. Se yon bagay ki nòmal. Tanpri poze tèt ou de kesyon sila yo:

  • Pandan mwa pase a, èske mwen te santi m kagou, deprime, oswa dezespere souvan?
  • Pandan mwa pase a, èske mwen pa t enterese fè anyen oswa pa t jwenn plezi nan fè anyen?

Si w reponn "wi" pou 1 oswa toude kesyon sa yo, tanpri rele depatman Bright Start nou an nan nimewo gratis nou an, 1-855-371-8076.

Keys to Your Care®

Keys to Your Care se yon pwogram espesyal tèks ak sansibilizasyon pou patisipan ki ansent yo nan AmeriHealth Caritas Florida Health Choice. Se Bright Start, pwogram matènite AmeriHealth Caritas Florida la, ki pote l pou ou.

Keys to Your Care ap voye mesaj tèks pou ou chak semèn pandan gwosès ou a, epi pandan 15 premye mwa yo lè tibebe w lan fin fèt.

Voye tèks MAMA nan 85886 pou antre nan pwogram Keys to Your Care la .

Antre jodi a. Ou pa kapab voye tèks? Rele nou nan 1-855-371-8076 pou antre nan Keys to Your Care.

Èske w ansent epi ou gen pwoblèm toksikomani ?

Pou jwenn èd rele liy Florida Born Drug-Free a .

1-800-945-1355, 4 p.m. – 10 p.m., sèt jou sou sèt.