Pwogram konpòtman ki bon pou lasante

Gen yon bon sante se yon bagay ki enpòtan pou nou tout. Nou vle pou w rete an sante e nou pral ankouraje w atenn objektif ou yo. Genyen diferan kalite pwogram konpòtman ki bon pou lasante. Pou kòmanse, annou chwazi pwogram ki pi bon pou ou a.

Jwenn rekonpans lè ou atenn objektif ou yo nan domèn sante

Ou ka jwenn rekonpans lè ou fini youn nan pwogram ki anba yo. Ou ka patisipe nan plizyè pwogram si w kalifye. Nan kad patisipasyon w nan twa pwogram konpòtman ki bon pou lasante ki vin annapre yo, w ap enskri nan pwogram jesyon ka a kote n ap asiyen w yon kowòdonatè swen oswa yon jesyonè swen. Pwogram konpòtman ki bon pou lasante sa yo pa gen dat ekspirasyon pou sèvis yo, lèfini pa gen okenn dat limit pou w voye fòm achèvman w lan tounen.

  • Pwogram pou megri. Pou pwogram sa a, yon doktè swen primè (PCP) sipoze siyen fòm nan.
  • Pwogram pou sispann fimen.
  • Pwogram retablisman anba abi alkòl ak lòt sibstans.

Anplis twa pwogram ki anwo yo, nou kontan soutni lòt pwogram konpòtman ki bon pou lasante ki anba yo. Pou pwogram ki vin apre yo, w ap gen pou ranpli e pou voye yon fòm achèvman tounen pou nou ka pran w an konsiderasyon. Pou pwogram sa yo, 31 janvye 2024 se dat limit pou voye fòm achèvman an tounen. Dènye jou pou fini sèvis yo se dat ekspirasyon pwogram sa yo, sètadi 31 desanm 2023.

Genyen anpil diferan kalite pwogram ki disponib. W ap jwenn plis enfòmasyon sou sa pi ba.

Manm ki ansent yo e ki fè vizit prenatal yo ak yon vizit pòs-patòm ka jwenn yon kat kado $50. Manm nan sipoze ale nan omwen 10 vizit prenatal sou 13 ki sipoze fèt yo. Vizit pòs-patòm nan dwe fèt sou 7 a 84 jou apre manm nan akouche a. Manm nan sipoze akouche ant 8 oktòb 2022 ak 7 oktòb 2023 pou l kalifye.

Manm ki ansent yo e ki fè yon vizit pòs-patòm ka jwenn yon kat kado $20. Vizit pòs-patòm nan dwe fèt sou 7 a 84 jou apre manm nan akouche a. (Rekonpans sa a pa disponib pou manm ki patisipe nan pwogram rekonpans matènite a deja.) Manm nan sipoze akouche ant 8 oktòb 2022 ak 7 oktòb 2023 pou l kalifye.

Si pitit ou fè sis vizit woutin kay doktè oswa plis ant laj 31 jou ak 15 mwa, ou ka resevwa $50 sou fòm kat kado. Vizit yo dwe fèt pou pi ta 31 desanm 2023 epi pitit ou dwe vin gen 15 mwa pandan ane ki ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023 a.

Si pitit ou fè de vizit woutin kay doktè oswa plis, ou ka resevwa $30 kòm kat kado. Vizit yo dwe fèt pou pi ta 31 desanm 2023 epi pitit ou dwe vin gen 30 mwa pandan ane ki ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023 a.

Si pitit ou fè omwen yon vizit woutin kay doktè ant laj 3 ak 21 lane pandan ane 2023 an, ou ka resevwa $30 sou fòm kat kado. Manm yo pral resevwa yon rekonpans $20 lè yo fè yon vizit woutin ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023.

Si w se yon manm ki gen 20 lane oswa plis an 2023 lèfini ou fè omwen yon vizit anbilatwa (san ou pa entène lopital) oswa yon vizit swen prevansyon, ou ka resevwa $30 sou fòm kat kado. Manm yo ka resevwa yon rekonpans $30 lè yo fè yon vizit woutin ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023.

Si pitit ou fè omwen yon analiz san kapilè oswa venèz pou wè si li pa gen anpwazònman akoz plon an 2023, ou pral resevwa yon kat kado $20. Pitit ou sipoze vin gen 2 lane ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023 pou l kalifye.

Manm ki gen ant 18 ak 75 lane e ki gen dyabèt yo ka jwenn yon kat kado $30 si yo fè tès ki vin annapre a:

  • Analiz emoglobin nan san an (HbA1C).

Tès sa a dwe fèt ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023.

Manm ki gen ant 18 ak 75 lane e ki gen dyabèt yo ka jwenn yon kat kado $20 si yo fè yon egzamen retin je a oswa yon egzamen dilatasyon je ànyèl. Vizit la dwe fèt ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023.

Manm ki fè yon vizit suivi kay yon pwofesyonèl sante mantal yo ka jwenn yon kat kado $30. Manm nan dwe gen 6 lane oswa plis an 2023. Vizit suivi a dwe fèt sou sèt jou apre manm nan egzeyate nan yon sant sante konpòtmantal/mantal entansif oswa nan yon sèvis ijans. Vizit la dwe fèt ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023.

Manm ki fi yo ka jwenn yon kat kado $20 si yo fè yon mamografi depistaj pou kansè tete. Depistaj la dwe fèt ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023. Manm nan dwe gen ant 50 ak 74 lane an 2023.

Manm ki fi yo ka jwenn yon kat kado $20 si yo fè yon tès depistaj sitoloji sèvikal pou kansè sèvikal. Depistaj la dwe fèt ant 1ye janvye ak 31 desanm 2023. Manm nan dwe gen ant 21 ak 64 lane an 2023.

Fason pou enskri nan yon pwogram konpòtman ki bon pou lasante:

ETAP 1 – Pote yon fòm achèvman pwogram konpòtman ki bon pou lasante (PDF) avè w pwochen fwa ou ale kay PCP w la oswa kay pwofesyonèl sante k ap suiv ou a. Pwofesyonèl sante w la ka fè w konnen ki pwogram ou kalifye pou li(yo) a.

ETAP 2 – Apre ou menm ak pwofesyonèl sante w la fin siyen fòm nan (si sa nesesè), voye fòm nan tounen ban nou. Ou ka fakse fòm nan bay depatman kalite a nan 1-855-358-5854. Osinon, ou ka voye fòm achèvman ki siyen an pa lapòs (PDF) nan anvlòp ki gentan afranchi ki mache ak lèt sa a nan adrès:

AmeriHealth Caritas Florida
P.O. Box 7181
London, KY  40742

Prete atansyon ak dat limit pwogram yo pou sèvis yo e pou voye fòm nan tounen.

ETAP 3 – Kou nou resevwa fòm ou te ranpli a, yon jesyonè swen gendwa kontakte w. Jesyonè swen an pral ba w plis detay sou pwogram ou te chwazi a(yo). Ou pral suiv pwogram nan selon tout objektif ki defini yo oswa selon tout sèvis ki obligatwa yo. Jesyonè swen w lan pral rele PCP w pou konfime ou te ale nan tout randevou w yo, oubyen nou pral egzamine demann sèvis yo.

ETAP 4 – Kou nou verifye patisipasyon w oswa demann yo, w ap resevwa yon kat kado pa lapòs. Si nou pa ka verifye sèvis yo, w ap gen pou voye nou kèk dokiman ki pwouve ou te atenn yon objektif oswa ou te ranpli yon obligasyon.

Kontakte nou pou jwenn plis enfòmasyon

Nou la pou ede w. Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon oswa enskri nan yon pwogram konpòtman ki bon pou lasante, rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856).

N ap voye rekonpans pou manm ki poko gen 18 an yo bay paran/responsab legal manm nan pa lapòs. Manm yo pa otorize sèvi ak rekonpans yo pou achte kèk kalite pwodui. Sa gen ladan l alkòl, tabak, jwèt aza (tankou loto), dwòg (sof medikaman san preskripsyon), zamafe oswa minisyon. Manm yo pa gen dwa pou yo transfere prim ensitasyon yo oswa rekonpans yo.