Sante Konpòtman

Manm yo ta toujou dwe santi yo anfòm.

Gen de lè ou ka bezwen pale ak yon konseye pwofesyonèl. Èske ou gen youn nan santiman oswa nan pwoblèm sa yo?

Èske ou bezwen sipò kounye a?

Si ou menm oswa yon moun ou konnen nan yon sitiyasyon ki difisil oswa ap travèse yon kriz, gen èd ki disponib. Rele oswa voye yon mesaj tèks nan 988.

  • Toujou tris.
  • Pa enterese nan okenn bagay ou te konn renmen fè.
  • Santiman ou pa vo anyen, ou sanzespwa oswa ou pa gen fòs pou fè anyen nan lavi a.
  • Difikilte pou dòmi.
  • Pa gen apeti.
  • Megri oswa gwosi san w pa konn poukisa.
  • Difikilte pou konsantre.
  • Santi w akaryat toutan.
  • Doulè san rete, tankou tèt fè mal, vant fè mal ak doulè nan do.
  • Pwoblèm ki gen rapò ak konsomasyon alkòl, dwòg oswa medikaman.
  • Pwoblèm ak sa k ap pase nan kay la avèk timoun yo oswa avèk konjwen w.

Nou peye pou anpil diferan kalite sèvis sante konpòtmantal ki ka ede w jere pwoblèm ou gendwa rankontre yo. Ou ka rele yon pwofesyonèl sante konpòtmantal pou pran yon randevou. Pou resevwa èd pou jwenn yon pwofesonèl sante konpòtmantal:

Gen moun ki disponib pou ede w 24 sou 24, 7 sou 7.

Ou pa bezwen yon rekòmandasyon nan men PCP ou pou resevwa sèvis sante konpòtmantal.

Si w vle fè tèt ou oswa yon lòt moun mal, oubyen si w ap fè fas ak yon kriz sante mantal, rele 988. Lè ou rele oswa ou voye yon mesaj tèks nan 988, w ap pale ak yon pwofesyonèl sante mantal k ap travay pou 988 Suicide and Crisis Lifeline. Epitou, ou ka rele 911 epi ale nan sal dijans oswa nan sant estabilizasyon kriz ki pi pre a.

Kou ou nan yon zòn ki san danje, rele PCP ou si w kapab. Kontakte pwofesyonèl sante w la sou 24 a 48 èdtan. Si w resevwa swen ijans deyò zòn sèvis la, n ap pran dispozisyon pou transfere w nan yon lopital oswa nan yon etablisman sante ki fè pati rezo plan nou an apre ou fin estabilize.

Lòt enfòmasyon sou sante konpòtmantal:

  • W ap jwenn plis detay sou sèvis sante konpòtmantal yo nan ti liv pou manm yo.
  • Jwenn plis enfòmasyon sou medikaman sikotwòp pou timoun yo.
  • Èske w ap travèze yon kriz? Ou bezwen pale? Crisis Text Line gen konseye pou ba w sipò 24/7/365. Crisis Text Line gratis epi li sèvi nenpòt moun, nenpòt kote Ozetazini, pou nenpòt kalite kriz.
    • Voye tèks HOME nan nimewo 741741 pou pale ak yon konseye volontè ki espesyalize nan kriz.
    • Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou www.crisistextline.org
  • Substance Abuse and Mental Health Services Administration (SAMHSA)
    • Èd asistans SAMHSA a se yon sèvis ki gratis, ki konfidansyèl e ki disponib 24/7/365 pou moun ak fanmi ki fè fas ak pwoblèm sante mantal ak pwoblèm abi sibstans. Li la pou refere yo pou yo ka jwenn tretman e pou bay yo enfòmasyon.
    • Liy asistans nasyonal: 1-800-662-HELP (4357).
    • Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou www.samhsa.gov