Sèvis Swen Je

Li enpòtan pou w okipe je w pou rete an sante. Se poutèt sa AmeriHealth Caritas Florida ofri patisipan li yo sèvis swen je.

  • Swen je pou timoun yo se yon gwoup sèvis pou patisipan ki gen mwens pase laj 21 nan. Sèvis yo gen ladan jiska 2 egzamen je ak 2 pè linèt chak 365 jou. Ou gen dwa kapab resevwa lantiy kontak. Pale avèk doktè w.
  • Swen je pou granmoun yo se yon gwoup sèvis pou patisipan ki gen omwen laj 21 nan epi li gen ladan jiska 1 egzamen je ak 1 pè linèt chak 365 jou. Ou gen dwa kapab resevwa lantiy kontak. Pale avèk doktè w.
  • Si w gen kesyon sou sèvis swen je ou yo, ou kapab kontakte depatman Sèvis pou Patisipan nou an nan 1-855-355-9800 pou nou ede w.

Enfòmasyon sou benefis nou bay yo se yon rezime kout, se pa yon deskripsyon konplè benefis yo. Pou plis enfòmasyon kontakte Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800.

Gen dwa gen limitasyon, kopeman, ak restriksyon.

Benefis yo, lis medikaman an, rezo famasi a, prim nan ak/oswa kopeman yo/ko-asirans la gen dwa chanje.