Swen Dijans

Swen ijans

Si w gen yon ijans, rele 911 oswa ale nan sal dijans ki pi pre w la. Montre kat idantifikasyon AmeriHealth Caritas Florida w. Rele PCP w ak AmeriHealth Caritas Florida osito sa posib. Ou pa bezwen yon otorizasyon davans pou ale nan sal dijans lan.

Plan an ap toujou peye pou ijans medikal yo. Yon ijans medikal se yon sitiyasyon kote lavi w ka menase oswa kote ou ka blese pou rès lavi w si w pa jwenn swen tousuit. Si w ansent, sa gen ladan l ni ou menm, ni tibebe w ki poko fèt.

Men kèk egzanp sitiyasyon ijans:

Rele 911 oswa ale nan sal dijans lopital la si ou menm oswa yon manm fanmi w genyen youn nan pwoblèm sa yo:

  • Senyen san rete.
  • Zo kase.
  • Doulè oswa presyon nan pwatrin.
  • Toufe.
  • Ovèdòz.
  • Blesi nan tèt, nan kou oswa nan kolòn vètebral.
  • Lafyèv.
  • Pwoblèm sante mantal.
  • Anpwazònman.
  • Tranche ak/oswa senyen pandan gwosès.
  • Kriz malkadi.
  • Gwo boule oswa gwo koupe.
  • Gwou toudisman.
  • Souf kout oswa pa kapab respire.
  • Pa kapab wè, fè mouvman oswa pale.

Genyen yon seri pwoblèm sante ki komen ou ka trete san w pa oblije ale nan sal dijans lan oswa nan yon sant swen rapid. Yon pwofesyonèl telemedsin MDLIVE ka ede w 24 sou 24, 7 sou 7, 365 jou nan ane a, ak plis pase 80 pwoblèm sante komen, tankou:

  • Alèji oswa pwoblèm sinis. 
  • Sentòm rim oswa grip. 
  • Konstipasyon oswa dyare.
  • Doulè nan zòrèy (pou moun ki gen 4 lane oswa plis).
  • Maloje. 
  • Iritasyon sou po a. 
  • Pwoblèm respirasyon.  
  • Malgòj. 
  • Vant fè mal.
  • Enfeksyon kanal pipi a
    (pou fi ki gen 18 lane oswa plis). 
  • Ak plis bagay toujou.

Swen ijans lè ou pa nan zòn nan

Si ou menm oswa yon manm fanmi w tonbe malad, lèfini nou bezwen swen medikal pandan nou pa nan zòn sèvis AmeriHealth Caritas Florida a, rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). N ap ede w jwenn yon doktè, kèlkeswa kote ou ye a.  Epitou, kèlkeswa kote ou ye a, ou ka itilize sèvis telemedesin PCP w oswa MDLIVE.