Fwòd, Gaspiyaj, ak Abi

Fwòd nan zafè swen sante se yon krim ki gen yon gwo enpak sou sistèm swen sante a. Sa konn rive pou manm nou yo ak pwofesyonèl lasante nou yo komèt fwòd nan zafè swen sante.

Konsekans fwòd, gaspiyaj, ak abi te depase 3 milya dola nan ane 2014, dapre Asosyasyon Nasyonal kont Fwòd nan zafè Swen Sante (National Health Care Anti-Fraud Association oswa NHCAA). Ou ka rapòte fwòd bay AmeriHealth Caritas Florida gras a yon fòm kontak an sekirite. Rapò ou ka fèt yon fason anonim.

Rapòte fwòd, gaspiyaj, ak abi yon fason anonim

Rele: Liy dapèl Fwòd AmeriHealth Caritas Florida lan nan 1-866-833-9718.

Pa lapòs: Ekri Inite Envestigasyon Espesyal nan: Special Investigations Unit, 200 Stevens Drive, Philadelphia, PA 19113

Rapòte fwòd yon fason anonim avèk fòm kontak an sekirite sa a

Poukisa pou m sousye m de fwòd, gaspiyaj, ak abi?

Fwòd, gaspiyaj, ak abi afekte manm plan sante yo, menm jan ak pwofesyonèl lasante. Yo kapab:

  • Anpeche w resevwa sèvis medikal.
  • Limite benefis swen sante ou.
  • Fè taks ou monte.
  • Anpeche pwofesyonèl lasante yo peye pou sèvis yo.
  • Kontribye nan depans sou swen sante k ap monte.

Fwòd nan zafè swen sante se yon krim reyèl ki gen konsekans reyèl. Li kapab lakòz ou peye amann e menm pase tan nan prizon.

Kisa yo rele fwòd, gaspiyaj, ak abi?

Fwòd se yon fo deklarasyon yon moun fè ak tout li konnen deklarasyon an pa vre.

  • Paregzanp: Doktè Sam lan ba li yon sèvis malgre li konnen asirans lan pa pral kouvri sèvis sa a. Doktè Sam lan di l ke li te bay yon sèvis ki kouvri.

Gaspiyaj se lè yon moun resevwa yon sèvis li pa bezwen ankò.

  • Paregzanp: Rachèl mande 2 doktè pou ba li menm medikaman an. Kidonk kounye a li gen plis medikaman pase sa li bezwen.

Pafwa, abi an entansyonèl. Abi ka lakòz plis depans pou swen sante oswa lòt pèt nan sistèm swen sante a.

  • Egzanp: Doktè John nan voye l pou l fè yon radyografi. Doktè John nan byen konnen John pa reyèlman bezwen radyografi sa a.

Sonje: Rapòte fwòd nan zafè swen sante bay Liy Dapèl Fwòd AmeriHealth Caritas Florida lan, nan nimewo 1-866-833-9718.

Pwogram rekonpans fwòd la

Si ou sispèk gen fwòd, ou rapòte sa, epi sa lakòz yon doktè oswa pwofesyonèl lasante peye yon amann, penalite, oswa pèdi pwopriyete yo, ou ka kalifye pou yon rekonpans nan kad Pwogram Rekonpans Fwòd Pwokirè Jeneral la a (rele nimewo telefòn gratis yo, 1-866-966 -7226 oswa 1-850-414-3990). Rekonpans lan ka rive jiska 25 pousan kantite lajan yo repran an, oswa $ 500,000 maksimòm pou chak ka (Lwa Laflorid, Chapit 409.9203). Ou ka mande moun nan biwo Pwokirè Jeneral la pou idantite ou rete konfidansyèl epi pou yo pwoteje li.

Lòt enfòmasyon pou manm

Pou fè rapò lè ou sispèk gen fwòd oswa abi, tanpri rele nimewo telefòn gratis Plent konsomatè an, ki se 1-888-419-3456 oswa ranpli Fòm Plent kont Fwòd ak Abi Medicaid lan. Ou ka rapòte fwòd oswa abi tou lè ou kontakte Biwo Pwokirè Jeneral Laflorid nan 1-866-966-7226.

Lòt enfòmasyon pou pwofesyonèl lasante

Konfòmite avèk lwa ak règleman onivo leta ak federal se yon priyorite pou AmeriHealth Caritas Florida. Pwofesyonèl lasante ki siyen kontra avèk nou pou bay sèvis swen sante onon benefisyè AmeriHealth Caritas Florida, ki idantifye potansyalite fwòd, abi, ak twòp peman, oblije kontakte AmeriHealth Caritas Florida (Navex Global) gratis nan 1-866-833-9718. Epitou, kontakte Biwo Pwokirè Jeneral Laflorid nan 1-866-966-7226 oswa Liy Dapèl Konsomatè Ajans pou Administrasyon Swen Sante (Agency for Health Care Administration) nan 1-888-419-3456.