Pratik Prive

Pwoteje Vi Prive ou

Konfidansyalite zafè prive ou enpòtan pou nou. Se poutèt sa nou fè atansyon ak fason nou sèvi avèk enfòmasyon sou ou, pou nou kenbe enfòmasyon sa yo an sekirite. Enfòmasyon pèsonèl ou ka aloral, alekri oswa sou fòm elektwonik epi yo ka soti nan men:

  • Pa ou
  • Doktè ou
  • Lopital
  • Lòt pwofesyonèl lasante

Gen sèten fason nou sèvi avèk enfòmasyon ou, kenbe l an sekirite, epi pataje li avèk lòt moun. An jeneral, nou ka itilize li pou:

  • Bay tretman
  • Bay asirans
  • Ede ekip sante ou trete w epi jwenn peman
  • Kowòdone peman bay lòt konpayi asirans
  • Evalye e amelyore sèvis nou yo

Epitou nou ka itilize e pataje enfòmasyon sou sante ou baze sou sa lalwa oswa politik AmeriHealth Caritas Florida yo mande. Yo ka mande w pou ranpli yon fòm divilgasyon dosye medikal (PDF).

Pou aprann pi plis sou fason nou kenbe enfòmasyon ou prive, tanpri gade oswa enprime yon kopi Avi sou Pratik pou Respè Konfidansyalite (PDF).