Dwa ak Responsabilite Manm

Dwa Manm

AmeriHealth Caritas Florida ak rezo jeneralis (PCPS) ak lòt pwofesyonèl sante li yo pa fè diskriminasyon kont manm baze sou ras, orijin nasyonal, sèks, relijyon, andikap, laj, oryantasyon seksyèl, oswa lòt baz lalwa entèdi.

AmeriHealth Caritas Florida pran angajman pou l respekte tout egzijans ak règleman lalwa federal ak lalwa deta ki an rapò avèk konfidansyalite ak zafè prive tout manm. Antanke manm, ou gen dwa pou:

  1. Jwenn enfòmasyon sou:
    • AmeriHealth Caritas Florida ak pwofesyonèl swen sante li yo.
    • Dwa ak responsablite w.
    • Asirans ak sèvis ou yo.
    • Pri sèvis swen sante ak nenpòt ki pataj frè yo mande.
  2. AmeriHealth Caritas Florida ak pwofesyonèl lasante li yo trete w avèk diyite ak respè.
  3. Pale ak pwofesyonèl lasante ou konsènan
    • Plan tretman.
    • Enfòmasyon sou opsyon tretman ak altènativ ki disponib, ke yo ba ou nan yon fason ou konprann.
    • Kalite swen ou ka chwazi pou satisfè bezwen medikal ou yo, kèlkeswa pri oswa kouvèti asirans.
  4. Resevwa swen ki omwen egal a sèvis plan sante sanblab yo ofri.
  5. Resevwa enfòmasyon detaye sou opsyon ijans ak apre-lè. Gen kèk detay ki enkli:
    • Sèvis ijans pa egzije apwobasyon alavans.
    • Ou ka itilize nenpòt lopital pou swen ijans.
    • Nou ba ou lis kondisyon ijans yo.
    • Ou pral aprann kisa ou dwe fè apre ou fin resevwa swen dijans.
  6. Patisipe nan desizyon sou swen sante ou, ki gen ladan dwa pou refize tretman. Desizyon ou pou fè sa p ap afekte fason AmeriHealth Caritas Florida, pwofesyonèl lasante li yo, oswa Leta trete w.
  7. Pou yo pa soumèt ou a ankenn restriksyon pou rezon disiplin, konvenyans, oswa vanjans.
  8. Pale ak PCP ou sou planin familyal. Sèvis sa yo disponib san apwobasyon anlavans. Sèvis planin familyal yo disponib nan men nenpòt founisè Medicaid.
  9. Pou yo di ou gen sèvis tradiksyon gratis. Nou pral fè aranjman pou nenpòt lang ou pale. N ap mete w okouran sèvis gratis ki disponib pou manm ki gen pwoblèm pou wè oswa pwoblèm pou tande. Ou pral resevwa sèvis kominikasyon ou bezwen pou ede fè w chwazi swen ou. Nou ka aprann ou pi plis. Tanpri rele Sèvis Manm lan nan 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856).
  10. Jwenn Avi sou Pratik Zafè Prive. Avi sa a di w kilè, poukisa, ak bay ki moun nou pafwa oblije divilge enfòmasyon pwoteje sou sante ou (PHI).
  11. Gade PHI ou.
  12. Pou yo pwoteje vi prive ou, an akò avèk Lwa sou Pòtabilite ak Responsablite Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act oswa HIPAA).
  13. Gade yon lis moun ki te mande PHI ou yo.
  14. Jwenn yon kopi PHI ou nan dosye nou yo.
  15. Mande yon kopi dosye medikal ou epi mande pou yo mete PHI ou ajou si li pa kòrèk.
  16. Resevwa enfòmasyon konsènan griyèf, apèl, ak odyans Medicaid san pati pri. Nou pral fè aranjman pou nenpòt lang ou pale.
  17. Jwenn sèvis swen sante selon sa règleman deta ak federal mande.
  18. Jwenn dènye mizajou sou pwosesis pou dezenskri an.
  19. Resevwa nouvèl sou chanjman enpòtan nan asirans ou. Y ap fè w konnen omwen 30 jou davans.
  20. Jwenn opòtinite pou fè sijesyon pou chanjman nan politik sou dwa ak responsablite AmeriHealth Caritas Florida.
  21. Esprime plent ou genyen epi/oswa fè apèl nan kad desizyon AmeriHealth Caritas Florida ak pwofesyonèl lasante li yo pran. Rele Sèvis Manm lan nan 1-855-355-9800 (TTY / TDD 1-855-358-5856). Nou pral fè aranjman pou nenpòt lang ou pale.

Responsabilite Manm

Kenbe tèt ou ak fanmi ou an sante, se yon bagay ki ka fasil. Men yon lis kisa pou w fè.

  1. Li mànyèl manm ou a. Rele Sèvis Manm lan si ou gen kesyon.
  2. Chwazi nouvo PCP ou lè ou jwenn twous akèy ou. Ede nouvo PCP bay oumenm ak fanmi ou swen. Ranpli tout fòm enfòmasyon yo ak anpil atansyon. Ede PCP ou jwenn dosye ou nan men lòt doktè ou t al wè anvan sa. Bay, otan ke posib, enfòmasyon AmeriHealth Caritas Florida bezwen pou trete reklamasyon, ak enfòmasyon pwofesyonèl lasante yo bezwen pou bay swen.
  3. Ede pwofesyonèl sante ou yo jere swen ou. Konprann pwoblèm sante ou epi patisipe nan devlopman objektif tretman. Suiv plan ak enstriksyon pwofesyonèl lasante yo ba ou pou swen ou. Si plan swen ou pa mache, di pwofesyonèl lasante ou an sa. Li vle pou w fè mye. Li pral ajiste plan swen ou pou li mache.
  4. Al nan tout randevou yo ba ou pou tout swen regilye. Egzanp yo se tchèk sante pou timoun (CHCUPs), planin familyal, ak egzamen sante yo.
  5. Jwenn yon rekòmandasyon nan men PCP ou anvan w al wè yon espesyalis oswa yon pwofesyonèl lasante ki pa fè pati rezo an, oswa anvan w ale nan lopital. Ale lopital oswa al wè yon espesyalis sèlman si PCP ou rekòmande sa. Si ou vizite yon pwofesyonèl lasante ki pa fè pati rezo an, rele 1-855-371-8074.
  6. Si ou janm pèdi oswa yo vòlè kat idantite manm ou, rele Sèvis Manm lan.
  7. Prezante kat idantite manm ou nenpòt lè w ap resevwa sèvis medikal nan men yon doktè, nan yon lopital, klinik oswa famasi.
  8. Rele PCP ou lè ou santi ou malad. Pa rete tann. Ale nan sal dijans ki pi pre a si ou santi lavi ou an danje.
  9. Rele Sèvis Manm lan si nenpòt enfòmasyon sou ou oswa sou fanmi ou chanje, tankou paregzanp adrès postal ou ak adrès lakay ou. Sa ede nou evite pifò pwoblèm. Si adrès ou te chanje, tanpri ale sou kont ou epi mete adrès ou ajou. Ou ka kontakte Sant Sipò Kliyan gratis ACCESS la nan 1-866-762-2237. Ou dwe kontakte Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration oswa SSA) gratis nan 1-800-772-1213 oswa vizite sit entènèt SSA.
  10. Fè bon jan ak tout moun ki patisipe nan swen ou. Rive alè nan randevou ou. Rele kay doktè a si ou pa ka vini nan yon randevou.

Responsablite pasyan pou sèvis yo bay osen etablisman

Responsablite Pasyan an se sa li peye pou sèvis li resevwa nan yon etablisman Medicaid, lè pwogram Medicaid lan pa peye pou sèvis sa yo; se kantite lajan yon manm dwe bay kòm kontribisyon pou kou swen yo. Se Depatman Timoun ak Fanmi (Department of Children and Families) ki detèmine montan lajan sa a, epi li baze montan an sou revni ak kalite plasman an. Manm yo oblije peye responsablite pasyan an jan Depatman Timoun ak Fanmi an detèmine.

Pou depoze yon plent oswa pou mande plis enfòmasyon, rele nimewo gratis sa yo:

Liy sèvis manm AmeriHealth Caritas Florida
1-855-355-9800, 24 sou 24, 7 jou sou 7

Liy telefòn kliyan AHCA nan tout eta a
1-888-419-3456, 8 a.m. - 6 p.m.