Pwogram Jesyon Swen

AmeriHealth Caritas Florida genyen yon seri pwogram pou ede w amelyore sante w e pou ede w rete an sante. Ou pa bezwen okenn doktè refere w pou patisipe nan pwogram sa yo. Si w gen youn nan kondisyon sante ki mansyone anba yo, ou ka enskri nan youn nan pwogram espesyal nou yo.

Pou ki kondisyon sante ou gen pwogram?

Bright Start se yon pwogram espesyal pou manm nou yo ki ansent.

Bright Start, yon jesyonè dosye pral rele w. Li pral travay avè w pou ede w resevwa sèvis pwogram yo e pou ede w itilize yo. Si gwosès ou gen anpil risk, yon ekip enfimyè ak konektè swen pral pran nouvèl ou souvan pou ede w jwenn swen ou bezwen yo pandan gwosès ou. 

Rele nan 1-855-371-8076 oswa ale sou pòtay pou manm yo jodi a pou enskri.

Ki sa pwogram Bright Start la ka fè pou mwen?

  • Ede w enskri nan kou pou ede w akouche ak nan kou k ap ba w lòt enfòmasyon sante.
  • Ede w chwazi yon pwofesyonèl sante ki bon pou ou.
  • Ba w enfòmasyon sou vitamin prenatal ak manje ki bon pou ou yo pandan gwosès ou.
  • Travay avèk pwofesyonèl sante w ak dantis ou pou pèmèt ou jwenn swen ou bezwen yo. Li enpòtan pou dan w ak jansiv ou rete an sante pandan gwosès ou.
  • Jwenn enfòmasyon ak resous k ap ede w rete an sante pandan gwosès ou e k ap ede tibebe w fèt an sante.

Enskri nan Bright Start jodi a

Pou enskri nan Bright Start, tanpri rele nan 1-855-371-8076.

Ou gen kesyon?

Si w te konn patisipe nan Bright Start, lèfini ou pa vle ankò, rele nan 1-855-371-8076. Si w kite pwogram nan, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w. 

Dokiman edikasyon

AmeriHealth Caritas Florida genyen pwogram jesyon swen ki entegre pou manm ki gen bezwen espesyal nan domèn swen sante, ki gen pwoblèm sante konpòtmantal e ki gen pwoblèm sante kwonik tankou opresyon, dyabèt ak ipètansyon. Nan pwogram sa a, ou pral travay avèk yon jesyonè swen ki pral ede w jwenn sèvis ak enfòmasyon ou bezwen yo pou amelyore sante w.

Kèk nan sèvis ou pral resevwa yo ap ede w:

  • Jwenn yon evalyasyon sante konplè.
  • Jwenn enfòmasyon sou bezwen medikal ou yo.
  • Jwenn medikaman, ekipman ak founiti medikal ou bezwen yo.
  • Pran dispozisyon pou transpò w.
  • Jwenn espesyalis. 
  • Jwenn resous kominotè pou ede w jere pwoblèm sante w la.

Manm AmeriHealth Caritas Florida yo ki gen ensifizans kadyak ka enskri nan yon pwoblèm espesyal k ap ede yo jere pwoblèm sante yo.

Rele nan 1-855-371-8072 jodi a pou enskri nan pwogram pou ensifizans kadyak la.

Ki sa pwogram pou ensifizans kadyak la ka fè pou mwen?

Grasa yon tretman, ou ka rive kontwole ensifizans kadyak ou. Pwogram jesyon swen sa a ka aprann ou:

  •  Plis bagay sou ensifizans kadyak la.
  •  Plis bagay sou medikaman w ap pran yo.
  •  Rezon ki fè li enpòtan pou w konnen pwa w.
  •  Rezon ki fè ou ta dwe evite manje ki sale yo ki ka lakòz kò w kenbe likid (kote pye w ap anfle, oswa kote kò w ap "kenbe dlo").

Ki sa ensifizans kadyak ye?1

Ensifizans kadyak se yon pwoblèm kote mis kè w fèb, lèfini li gen twòp likid ladan l. Si w pa suiv yon tretman ki apwopriye, ensifizans kadyak la ka:

  •  Fè janm ou yo, pye w yo ak chevi w yo anfle.
  •  Fè w gen twoublay oswa nui kapasite w pou reflechi.
  •  Fè w pèdi apeti oswa ba w kè plen.
  • Ba w yon tous ak yon souf anlè san rete k ap fè l difisil pou w respire.
  •  Fè kè w fè plis efò.
  •  Fè w manke enèji.
  •  Danjere anpil pou lavi w.

Enskri nan pwogram pou ensifizans kadyak la jodi a

Pou enskri nan pwogram pou ensifizans kadyak la, tanpri rele nan 1-855-371-8072.

Ou gen kesyon?

  1. Si w te konn patisipe nan pwogram pou ensifizans kadyak la, lèfini ou pa vle ankò, rele nan 1-855-371-8072. Si w kite pwogram nan, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w.

1. "Warning Signs of Heart Failure" (Signos de advertencia de insuficiencia cardíaca) Asociación Americana del Corazón, 31 de mayo de 2017, https://www.heart.org/en/health-topics/heart-failure/warning-signs-of-heart-failure. 

Manm AmeriHealth Caritas Florida yo ki gen COPD ka enskri nan yon pwoblèm espesyal k ap ede yo jere pwoblèm sante yo.

Rele nan 1-855-371-8072 oswa ale sou pòtay pou manm yo jodi a pou enskri nan pwogram pou COPD a.

Ki sa pwogram pou COPD a ka fè pou mwen?

Pwogram COPD a ka ede w:

  • Konprann ki sa COPD ye.
  • Mete sou pye yon plan pou jere tèt ou.
  • Konprann epi jere medikaman w ap pran chak jou yo.
  • Detekte sentòm avètisman ki parèt bonè yo ki montre ou pral fè yon kriz COPD.

Ki sa COPD ye?1

COPD se yon maladi poumon ki domaje youn oswa toule de poumon yo. Lè ou gen COPD, tib ki transpòte lè a antre soti nan poumon w yo yon ti jan fèmen. Sa fè l difisil pou respire.

COPD devlope ti kras pa ti kras, konsa ou ka pa remake okenn sentòm pandan plizyè ane.

  • Souf kout, sitou lè w ap fè yon aktivite fizik.
  • Tous san rete, sitou si gen anpil flèm.
  • Pwatrin sere.
  • Souf anlè (yon bri sifle lè w ap respire).

Fimen sigarèt se premye koz COPD. Si w ta renmen sispann fimen, tanpri rele Tobacco Free Florida Quitline nan 1-877-U-CAN-NOW (1-877-822-6669) oswa nan nimewo TTY 1-877-777-6534. Mande doktè w ki medikaman ki ka ede w kanpe.

Enskri nan pwogram pou COPD a jodi a

Pou enskri nan pwogram pou COPD a, tanpri rele nan 1-855-371-8072.

Osinon, ou ka konekte sou pòtay pou manm yo epi ale nan “Enroll in a Special Program”.

Ou gen kesyon?

Si w te konn patisipe nan pwogram pou COPD a, lèfini ou pa vle ankò, rele nan 1-855-371-8072. Si w kite pwogram nan, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w.

1. "COPD" (EPOC), National Heart, Lung, and Blood Institute (Instituto Nacional del Corazón, los Pulmones y la Sangre), https://www.nhlbi.nih.gov/health-topics/copd.

Manm AmeriHealth Caritas Florida yo ki gen dyabèt ka enskri nan yon pwoblèm espesyal k ap ede yo jere pwoblèm sante yo.

Rele nan 1-855-371-8072 pou enskri nan pwogram pou dyabèt la.

Ki sa pwogram pou dyabèt la ka fè pou mwen?

Pwogram dyabèt la ka ede w:

  • Konprann medikaman w ap pran yo.
  • Konnen ki enpòtans manje ou manje yo genyen.
  • Konprann jan sa enpòtan pou teste nivo sik nan san w lan chak lè pwofesyonèl sante w mande w fè sa.
  • Konprann poukisa fè egzèsis ak kontwole pwa a se bagay ki vrèman enpòtan.

Ki sa dyabèt ye?1

Dyabèt se yon maladi ki afekte fason kò w dekonpoze sik la. Li lakòz kò w gen twòp sik nan san an. Epitou, li posib pou kò w pa gen ase ensilin. Ensilin se yon sibstans ki ede kò w dekonpoze sik ki nan manje ou manje yo pou ba w enèji.

Si w pa gen kontwòl sou dyabèt ou, li ka:

  • Lakòz ou vin avèg, ba w yon maladi ren epi fè w gen pwoblèm nan pye w.
  • Fè w pran enfeksyon ak/oswa blese ki pa geri pi fasil.
  • Fè ou gen plis chans pou gen yon maladi kè oswa pou fè yon stwok.
  • Lakòz domaj nan nè w yo.
  • Fè w fatige, fè w swaf epi fè w ale nan twalèt pi souvan pase sa ki nòmal.

Enskri nan pwogram pou dyabèt la jodi a

Pou enskri nan pwogram pou dyabèt la, tanpri rele nan 1-855-371-8072.

Osinon, ou ka konekte sou pòtay pou manm yo epi ale nan “Enroll in a Special Program”.

Ou gen kesyon?

Si w te konn patisipe nan pwogram pou dyabèt la, lèfini ou pa vle ankò, rele nan 1-855-371-8072. Si w kite pwogram nan, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w.

1. "Diabetes", familydoctor.org, 20 de septiembre de 2020,  https://familydoctor.org/condition/diabetes/.

Manm AmeriHealth Caritas Florida yo ki gen opresyon ka enskri nan yon pwoblèm espesyal k ap ede yo jere pwoblèm sante yo.

Rele nan 1-855-371-8072 jodi a pou enskri nan pwogram pou opresyon an.

Ki sa pwogram pou opresyon an ka fè pou mwen?

Pwogram pou opresyon an ka ede w:

  • Konprann sa ki deklanche opresyon w lan.
  • Mete sou pye yon plan aksyon kont opresyon an.
  • Konprann medikaman ou gen pou pran chak jou yo ak medikaman ou gen pou pran nan sitiyasyon ijans.
  • Detekte sentòm avètisman ki parèt bonè yo ki montre ou pral fè yon kriz opresyon.

Ki sa opresyon ye?1

Opresyon se yon maladi alontèm ki fè vwa respiratwa ki ale nan poumon w yo ratresi, anfle oswa bloke. Li enpòtan pou w fè tout sa ou kapab pou kenbe opresyon w lan sou kontwòl.

Si w pa gen kontwòl sou li, opresyon an ka:

  • Fè l difisil pou w respire.
  • Anpeche w fè spò oswa lòt aktivite fizik.
  • Fè w rate lekòl oswa travay.

Ou ka kontwole opresyon w si w:

  • Konnen sa ki deklanche l la ak fason pou evite bagay sa yo.
  • Pran medikaman w yo chak jou selon enstriksyon pwofesyonèl sante w te ba w yo.
  • Itilize inalatè sekou w la selon enstriksyon pwofesyonèl sante w te ba w yo.

Enskri nan pwogram pou opresyon an jodi a

Pou enskri nan pwogram pou opresyon an, tanpri rele nan 1-855-371-8072.

Osinon, ou ka konekte sou pòtay pou manm yo epi ale nan “Enroll in a Special Program”.

Ou gen kesyon?

Si w te konn patisipe nan pwogram pou opresyon an, lèfini ou pa vle ankò, rele nan 1-855-371-8072. Si w kite pwogram nan, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w.

1. "Asthma" (Asma), National Heart, Lung, and Blood Institute (Instituto Nacional del Corazón, los Pulmones y la Sangre), 18 de septiembre de 2014,  https://www.nhlbi.nih.gov/health-topics/asthma.

Manm AmeriHealth Caritas Florida yo ki gen anemi falsifòm ka enskri nan yon pwoblèm espesyal k ap ede yo jere pwoblèm sante yo.

Rele nan 1-855-371-8072 jodi a pou enskri nan pwogram pou anemi falsifòm nan.

Ki sa pwogram pou anemi falsifòm nan ka fè pou mwen?

Pwogram pou anemi falsifòm nan ka ede w konprann:

  • Anemi falsifòm, medikaman w yo ak mòd devi w.
  • Swen ou bezwen yo.
  • Fason ou ka jwenn soulajman anba doulè.
  • Danje ki mache ak stwok yo.
  • Enpòtans pou jwenn vaksen w yo.

Ki sa anemi falsifòm ye?1

Anemi falsifòm se yon maladi jenetik. Sa vle di moun ki gen anemi falsifòm yo tou fèt ak maladi sa a. Lè ou gen anemi falsifòm, gen kèk selil sangin nan kò w ki pa gen fòm nòmal yo. Poutèt fòm yo genyen an, selil sa yo ka anpeche san an byen sikile. Sa ka lakòz doulè. Sa ka lakòz enfeksyon ak lòt konplikasyon tou.

Enskri nan pwogram pou anemi falsifòm nan jodi a

Pou enskri nan pwogram pou anemi falsifòm nan, tanpri rele nan 1-855-371-8072.

Osinon, ou ka konekte sou pòtay pou manm yo epi ale nan “Enroll in a Special Program”.

Ou gen kesyon?

Si w te konn patisipe nan pwogram pou anemi falsifòm nan, lèfini ou pa vle ankò, rele nan 1-855-371-8072. Si w kite pwogram nan, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w.

1. "Sickle Cell Disease" (Enfermedad de células falciformes), MedlinePlus, https://medlineplus.gov/sicklecelldisease.html.

Ki sa pwogram sa yo ka fè pou mwen?

Pwogram sa yo ka ede w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon sante w. Yo ka ede w jere kondisyon sante w. Yo ka ede w amelyore kalite lavi w.

Yon jesyonè swen pral jere swen w yo. Li pral voye enfòmasyon sou eta sante w ba w. Yon jesyonè swen pral rele w pou mande w ki jan ou ye. Li ka ede w jwenn sèvis pwogram yo.

Ki jan mwen ka enskri nan youn nan pwogram sa yo?

Ou ka enskri nan nenpòt nan pwogram sa yo konsa:

  1. Rele ekip jesyon swen an nan 1-855-371-8072.
  2. PCP ou (pwofesyonèl swen primè), doktè espesyalis ou oswa yon lòt pwofesyonèl sante ka fè w konnen ki jan ou ka patisipe nan pwogram nan. Li ka rele nou pou w ka enskri.
  3. Nou gendwa wè pwogram sa a te ka itil ou lè nou egzamine antesedan medikal ou yo. Nou pral voye enfòmasyon ba w pa lapòs pou esplike w fason ou ka enskri nan pwogram nan.

Fason pou kite pwogram nan

Si w pa vle fè pati yon pwogram, ou ka di nou sa nan telefòn.

Rele nan: 1-855-371-8072.

Si w kite yon pwogram, sa pap chanje prestasyon ou resevwa yo. Epitou, sa pap chanje fason AmeriHealth Caritas Florida oswa AHCA trete w.

Ou gen kesyon?

Si w gen kesyon sou pwogram jesyon swen espesyal nou yo oubyen si w pa vle patisipe nan pwogram sa yo, tanpri rele nou nan 1-855-371-8072.

Keys to Your Care®

Keys to Your Care se yon pwogram mesaj tèks ak kominikasyon espesyal pou manm AmeriHealth Caritas Florida ki ansent yo. Se Bright Start, ki se pwogram matènite AmeriHealth Caritas Florida la, ki bay pwogram sa a.

Keys to Your Care pral voye mesaj tèks ba w chak semèn pandan gwosès ou e pou 15 premye mwa yo apre bebe w fèt.

Voye mesaj MAMA bay 85886 pou enskri nan pwogram Keys to Your Care.

Enskri jodi a

Ou pa gen posiblite voye mesaj tèks? Rele nou nan 1-855-371-8076 pou enskri nan Keys to Your Care.

Si w bezwen èd oswa si w gen kesyon, rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856)