Benefis Medikaman yo

Si w se yon patisipan nan AmeriHealth Caritas Florida, ou gen benefis medikaman. N eseye fè sa fasil pou w jwenn medikaman ou bezwen yo.

Pou resevwa medikaman w yo

Founisè w lan ap ekri yon òdonans pou ou. Ou dwe al chèche medikaman an nan yon famasi ki fè pati rezo AmeriHealth Caritas Florida la. W ap jwenn yon lis famasi nan ànyè founisè AmeriHealth Caritas Florida ou a.

Ou p ap peye anyen pou preskripsyon w yo. Montre kat idantifikasyon patisipan AmeriHealth Caritas Florida ou a lè w al chèche preskripsyon w yo. Si w gen kesyon, rele Sèvis pou Patisipan nan Famasi yo gratis nan 1-855-371-3963.

Otorizasyon Preyalab (apwobasyon alavans)

Founisè w lan gen dwa ekri yon òdonans pou yon medikaman ki pa sou lis medikaman AmeriHealth Caritas Florida la. Founisè w lan ap gen pou voye ba nou yon fòmilè demann otorizasyon preyalab. N ap egzamine li epi fè founisè w lan konnen sa nou deside.

Si AmeriHealth Caritas Florida pa apwouve medikaman an, w ap resevwa yon lèt k ap di ou poukisa. Lèt la ap di ou kijan pou w fè apèl si w vle.

Sèvis pou Patisipan nan Famasi yo

Si w gen kesyon, tanpri rele Sèvis pou Patisipan nan Famasi yo gratis nan 1-855-371-3963.

Pou jwenn yon famasi

Ou kapab sèvi avèk nenpòt nan famasi k ap patisipe nou yo. Si w bezwen yon lis famasi, rele Sèvis pou Patisipan yo gratis nan 1-855-355-9800 oswa sèvi avèk ànyè famasi anliy nou an.

Nan famasi an

Si famasi kote w ale a gen kesyon oswa bagay k ap trakase li, li gen dwa rele jesyonè benefis famasi nou an, PerformRx℠. W ap jwenn nimewo sèvis pou kliyan PerformRx la nan do kat idantifikasyon w lan. Yon reprezantan sèvis pou kliyan an ap ede famasi a avèk medikaman w yo.

Lòt enfòmasyon

Pami benefis AmeriHealth Caritas Florida ou yo gen benefis medikaman san òdonans (OTC) (PDF). Si ou ta renmen plis enfòmasyon, tanpri rele Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800.

Konsantman Eklere

Yon paran oswa gadyen dwe siyen yon konsantman eklere pou medikaman maladi mantal pou timoun ki gen mwens pase 13 an. Founisè swen sante (PCP) pitit ou a ta dwe mande w siyen yon fòmilè si li gen lentansyon preskri medikaman maladi mantal pou pitit ou a. Tanpri diskite sou sa avèk founisè swen sante pitit ou a si w gen kesyon.

Enfòmasyon sou benefis nou bay yo se yon rezime kout, se pa yon deskripsyon konplè benefis yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800.