Jeneralis (PCP)

Pou swen woutin, ou ta dwe rele Jeneralis ou (PCP). Swen woutin se swen medikal ke ou jwenn kay yon doktè. Chak manm fanmi ou ki se manm AmeriHealth Caritas Florida ka chwazi yon PCP diferan oswa menm PCP a. Sa depann de sa fanmi ou bezwen.

Pou jwenn swen nan men PCP ou, ou ta dwe gen kat idantite AmeriHealth Caritas Florida la sou lamen.

  • Rele PCP ou. Nimewo telefòn lan sou do kat idantite w la.
  • Klinik pwofesyonèl lasante w lan ap pran randevou avèk ou pou jwenn swen.
  • Si ou se yon nouvo manm, ou dwe al wè PCP ou. Ou ta dwe fè sa pandan premye 90 jou ou vin yon manm nan plan an.

Lannuit ak Wikenn

PCP ou ka ede w 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si lè ou vin malad, klinik PCP an fèmen deja, rele PCP a de tout fason. Yon moun ap reponn, epi PCP a ap retounen w apèl lan. Rele osi bonè nan jounen an ke posib. Eseye pa rete tann jouk li byen ta nan lannuit. Si ou gen pwoblèm pandan jounen an, ou ta dwe rele pandan jounen an. Si ou pa ka rive jwenn PCP a, rele Liy Enfimyè an gratis nan 1-855-398-5615.

Ijans ak Swen ki Prese

Swen ki prese se yon kondisyon medikal ki egzije swen nan yon delè 48 èdtan. Si ou pa jwenn tretman pou kondisyon an nan 2 jou pou pi plis, li ka vin tounen yon ijans.

Chanje PCP ou

Si ou vle chanje pwofesyonèl lasante w lan, rele Sèvis Manm AmeriHealth Caritas Florida lan nan 1-855-355-9800. Ou ka chanje PCP ou nenpòt ki lè.