Enfòmasyon sou Lagrip

Kijan pou w lite kont lagrip

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) rekòmande yon vaksen kont lagrip chak ane pou tout moun ki gen laj omwen 6 mwa. Vaksen kont lagrip yo pote avantaj enpòtan. Yo kapab redui maladi poutèt lagrip ak kantite vizit yo kay doktè, epi anpeche vizit pou lagrip nan lopital.

AmeriHealth Caritas Florida ofri vaksen kont lagrip gratis kay founisè swen primè w lan (PCP) oswa nan yon famasi ki nan rezo a. Pou jwenn yon famasi nan rezo a, ale sou lis founisè anliy nou an oswa rele Sèvis pou Patisipan yo nan 1-855-355-9800 (TTY 711), 24 sou 24, sèt jou sou sèt.

Pran prekosyon pou lite kont lagrip

Kontakte PCP w lan pou plis enfòmasyon sou medikaman ki kapab ede w. Pran medikaman kont lagrip si PCP w lan preskri li.

  • Si ou gen anpil risk pou konplikasyon lagrip, ou dwe kontakte PCP w lan. Pami moun ki gen anpil risk yo gen:
    • Timoun ki pi piti pase 5 an, epi sitou timoun ki pi piti pase 2 zan.
    • Granmoun ki gen omwen 65 an.
    • Fi ansent.
    • Fi jiska de semèn apre yo fin akouche.
    • Rezidan kay retrèt ak etablisman swen long dire.
  • Menm si ou te pran vaksen kont lagrip ou sezon sa a, si w gen anpil risk, kontakte PCP w lan.

Pran prekosyon pou ede anpeche mikwòb yo simaye.

  • Si sa posib, eseye evite pwoche moun ki malad. Si w vin malad, limite kontak avèk lòt moun leplis posib. Sa kapab ede yo pa vin malad.
  • Lave men w souvan avèk savon ak dlo pandan omwen 20 segonn chak fwa. Si pa gen savon ak dlo disponib, sèvi avèk yon dezenfektan pou men ki fèt avèk alkòl. Epitou, netwaye epi dezenfekte sifas ak bagay ki gen dwa kontamine avèk mikwòb tankou lagrip.
  • Evite manyen je w , nen w, ak bouch ou. Mikwòb simaye konsa. Kouvri bouch ou avèk yon mouchwa papye lè w ap touse oswa etènye.

Sonje: Li pa twò ta pou w pran vaksen kont lagrip ou!

Li poko twò ta pou w jwenn pwoteksyon kont lagrip. Mande PCP w lan pou w pran vaksen kont lagrip ou a.