Direktiv Alavans

Souvan, moun ki gen omwen 18 an gen pou fè chwa enpòtan sou sante yo. Lalwa pèmèt ou aksepte oswa refize tretman medikal oswa chirijikal. Lalwa pèmèt ou chwazi yon moun pou pran swen ou si ou pa kapab. Ou kapab deside tou pou w fè yon don ògàn. Fòm ki deklare chwa ou yo rele yon direktiv alavans.

Si gen nenpòt chanjman ki fèt nan lwa sa a, n ap fè w konnen sa nan yon delè 90 jou. Pi bon fason pou asire w yo respekte direktiv alavans ou, se pou ekri yo sou papye. Jeneralis ou (PCP) ap ede ou kreye yon direktiv alavans. Asire w ke ou kenbe yon kopi epi remèt yon kopi bay PCP ou.

Plent sou sa ki pa konfòm ak lwa ak règleman sou direktiv alavans dwe al jwenn Ajans pou Administrasyon Swen Sante (Agency for Health Care Administration oswa AHCA) e liy dirèk pou pote plent lan se 1-888-419-3456.

Testaman Byolojik

Yon testaman byolojik se yon egzanp direktiv alavans. Ou ta dwe toujou jwenn èd pou ekri yon testaman byolojik paske li dwe trè klè. Kenbe yon kopi yon kote ki an sekirite. Remèt lòt lan bay PCP ou. Telechaje yon testaman byolojik (PDF).

Chwazi yon Mandatè pou Swen Sante

Pafwa nou bezwen èd pou fè chwa. Souvan nou bezwen èd lè nou trè malad.

Yon mandatè pou swen sante se yon moun k ap pran desizyon onon ou konsènan sante w. Sèl lè yo chwazi pou ou, se lè ou twò malad pou fè pwòp chwa pa ou. Ou ta dwe chwazi yon moun ou fè konfyans. Di yo kisa ou vle. Asire w ke yo konprann sa ou vle a.

Toujou fè yo ede w lè w ap ekri yon akò pou mandatè swen sante. Asire w ke akò sa a byen dekri limit ki genyen sou otorite mandatè a. Telechaje yon fòm mandatè swen sante (PDF).

Jwenn èd ak plis enfòmasyon ki soti nan AHCA a.